Fas lanmè
- Nathanaël DELVA
- 20 déc. 2024
- 1 min de lecture

Mwen pran w nan bra m
Nou chita fas lanmè
Nan yon kout soupi
Lanati rakonte tout sa kè m te sere
Lanmou n se ti limyè isi ba
Ki janbe lizyè paradi
Limyè solèy la klere sou vag yo
Konsa souri w klere kè m
Bonè pa gen twòp filozofi
Se karès la briz
Marande ak souplès ou manyen m
Pa gen pwezi dous pase sa
Lakansyèl vin douvan pòt mwen
Si se siy delivrans
Kounyan tout ti detay fè sans
Nan pwen chans ni koensidans
Yon ti boujon flè dizè
De kou diven pou sele istwa n
Epi m tou tonbe la
San gad dèyè
Men w tounen nan bra m
Nou chita fas lanmè
Nathanaël Delva
Comments