top of page

Lapli

Dernière mise à jour : 7 août 2023

Lapli se yon rèl

Nan tout kwen kòm

Yon dans san lizay

Ki blayi

Nan lakou Grefen

Lapli nan je w

Se yon ti bo malpouwont


Limen tenyen

Sou memwa Lasalin

Nan chimen Sen Pyè

Tout rèv mwen kreve nan je w

Tout gouyad pèdi pye.

Lalin ak solèy

Saw pote?


Schamma B. Delva


Posts récents

Voir tout

Kommentare


Abonnez-vous à deboukante!

+1(857)492-5221

  • twitter
  • facebook
  • instagram

©2023 by Delva Nathanaël

bottom of page