Ou ale
- Nathanaël DELVA
- 17 août 2023
- 1 min de lecture

Pwezi m vin plenyen absans ou
Anba yon farinay lapli
Rèv mwen pran galonnen.
Mwen al fè dèy souri w,
Kriye chagren m,
Nan chak kafou pasyon n te batize.
Mwen ap grate kòd gita lavi
Chak akò m vid,
San son
Gout pa gout souvni w ap koule...
Trase souvni w sou vizaj mwen
Ak moso lespwa m ap pyese twal karès ou.
Ou ale…
Nathanael Delva
Comments