Ki Lwa?
- Georgy Lundi
- 17 août 2023
- 2 min de lecture

M limen balèn
Mwen lapriyè
M woule chaplè
M trase vèvè
Mwen fè sanblan
M fè move san
Nan kache tèt mwen m pèdi tan
Mwen liminen m fè defisi
Dlo je m koule pou granmesi
Ki lwa k di sa?
Ki lwa k fè sa???
M gen gwo dout sou tout sa m anvi
M gen laperèz sou sa m vle fè
Mètrès Dantò di m si m antò
Manzè Freda di m sa k fè sa
Yon bragèt gate karantèn mwen
Nan beny pou retire giyon an
G on move fèy ki fwote ak bon fèy mwen
Se pa ti dous sa dous
Pwen an genlè gate?
Ki lwa k di sa?
Ki lwa k fè sa???
Nan tout bèl rèv mwen fè
Tout sòlda mache sou menm pa
Tout men k grate pla men se men moun
Tanbou kè m bat byen fò pou tout
Tout sa m fè byen tout sa m fè bon
Nan bib moun yo
Tout sa m fè mal
Tout ti tèk bò wonn se gwo peche depi opa
Ki lwa k fwenk di sa?
Ki lwa k fout fè sa?!
3 goud kleren
7 grenn sigarèt tèt blanch
Lakansyèl bwè dlo nan fant janm vyèj mirak
Lakansyèl oooo se pa ti bèl ou bèl
Lakansyèl oooo... Hmmmm ala chay ou gen pou w pote
Tout koulè w ret anba po m
Tout koulè w nan ma drapo m
S on lwa k fè sa vre???
Papa Ogou m mande w padon
Papa Loko vin pran ason w
Kouzen Zaka ou mèt boude
Legba m te wè avan yè a
Legba k te bo m nan baryè a
Bri kouri s on gason li ye
Sa te twò bon m pat verifye
G on dènye lwa k danse nan tèt mwen
M pa konn si l ni fanm ni gason
Ti pis lakwa mèt al pale
Tonèboule m pap kite sa!
Ki lwa k di sa?
Ki lwa k fè sa?
Pou m pa renmen sa k entèdi?
S on lwa di sa?
S on lwa k fè sa?
Anverite m pap pran nan sa!
Georgy Lundi
Comments