Dedikas pou ou
- Nathanaël DELVA
- 24 juin 2020
- 1 min de lecture
Dernière mise à jour : 7 août 2023

Yèreswa m fè yon rèv alsiyis
Mwen mete dwèt mwen sou akòdeyon w
Sou cham yon souri monte
Tout kòm jwe melodi pou ou.
Yèreswa nou danse Banda
Ou ki sele m Mètrès,
Tout sous nan kò w jayi sou mwen
Chak gouyad nan ren m fè yon mizik pou ou.
Yèreswa m fè yon rèv plòtonnen
Mwen bo Dantò sou 2 bò
Mwen antre nan kafou w
Chak gout swè m se yon dedikas pou ou.
Nathanaël Delva
Comments