Dodomeya
- Nathanaël DELVA
- 11 juil. 2020
- 1 min de lecture
Dernière mise à jour : 7 août 2023

Lè m pran chache kot lakansyèl fè kwen
Labriz mennen m douvan souri w
Se nan karès ou doudou
Lavi m ka pran gou
E l vin pi bèl
Lè m kite kè m dòmi nan pye w...
Tout ti chimen jennen,
Al bout douvan pòt ou
Menm kout zeklè,
Prezans ou chanje koulè
Anba moumou lalin
Ou mennen m keyi yon grenn siwèl
Kon abdenwèl,
Karès ou pran abiye rèv mwen,
Lè m ap dodomeya
Nan reyalite w.
Nathanaël Delva
❤️
Bon bagay
🙌🏾🙌🏾🙌🏾🙌🏾