top of page

Kisa pou n swete? Yon kesyon, 4 modalite repons.

deboukante-2025
deboukante-2025

Ayiti rantre nan 2025 nan yon kontèks kote gang ak zam pran kontwòl plis pase 80% espas moun fonksyone nan kapital la, ensekirite alimantè afekte plis pase mwatye popilasyon an, sistèm edikatif la ap degrenngole, tout sistèm valè sivik ak moral tonbe. Eske nan kondisyon sa yo nou vrèman ka swete tout moun “Larezonne” oswa “Bòn fèt Lendepandans”?


"Ayiti, premye repiblik nwa endepandan!" Yon koze lè m rakonte pitit mwen demen, mwen doute fò y ap vle pranm o serye. Tèlman peyi papa Desalin nan tounen yon ti regwoupman teritwa pèdi, sitwayen pèdi dwa pou sikile lib depi 2021, lavi chak jou vin tounen yon batay pou siviv; tèlman m pa wè lespwa pou demen!


Kijan nou fè rive la? Dirijan yo, pandan plis pase yon deseni, montre yon dezenterè flagran nan mete sou pye yon sistèm valè ki ta pèmèt Ayisyen viv byen nan peyi yo, jodian Lendepandans lan pèdi tout sans li.


Soti 2021, apre asasinay prezidan an fonksyon an (lan lakay li), rive 2024 ak yon sistèm pouvwa ki ranmase tout atribi koripsyon mete bò non yo, (apre soup joumou an,) tout senbòl premye janvye an charye sanble ilizyon.


Tankou Jean Price-Mars, adèp kouran nasyonalis yo ta raple m, malgre sitiyasyon peyi a, fete Lendepandans rete esansyèl pou raple nou kote n soti, ranfòse eritaj nou, epi montre menm nan kriz, gen rezon pou selebre fyète nasyon an. Yon lòt bò, reyalis yo t ap dakò ak mwen sou twa pwen sa yo:

  1. Fèt s on demach granmoun ki marande ak fyète pa rapò ak kisa reyalite n ye.

  2. Nan yon peyi an ruin, kote g on gwoup moun ki literalman deklare n lagè, pandan yon lòt gwoup ap peze souse nan tèt leta a, ki kondisyon ki reyini pou jodian nou fete?

  3. Fete paka yon demach eksklizif, si n ap fete fòk nou tout ka fete. Konbyen ayisyen jodian n ka gade nan je epi swete yon yon Bon ane? Nan vwa lòt la, se yon ti minorite zuit, nèg bannann nan t ap di "Suivez mon regard".


Kisa pou n swete? Mwen paka swete Bon ane pandan tout chimen lespwa sanble bare, 11 milyon nanm nan yon espas izole. Nanpwen siy plan pou yon chanjman radikal nan lidèchip ni yon angajman reyèl pou amelyore kondisyon lavi popilasyon an. Swete “Bon ane” oswa “Bòn fèt Lendepandans” parèt kòm yon ironi tris.


Li ka petèt plis yon moman pou nou reflechi, sila bri kout zam ba yo chans, sou chemen nou dwe pran; epi mande tèt nou: ki sa nou ka fè pou retounen nan wout libète ak diyite zansèt nou yo te trase pou nou an?


Nathanael Delva

コメント


Abonnez-vous à deboukante!

+1(857)492-5221

  • twitter
  • facebook
  • instagram

©2023 by Delva Nathanaël

bottom of page