Melanin
- Nathanaël DELVA
- 7 juin 2020
- 1 min de lecture
Dernière mise à jour : 17 août 2023
Souri w chita sou kè m danmijann,
An kalifouchon,
Mwen santi m ta bouchon w
Tandrès ou sele lespri m
Ou tache ladan l
Kon 2 nawè m tache nan pwent tete w.
Mwen fon priyè douvan maji po w, fanm
Mwen reve gran jou, chak kout ren
Ki mennen chak bout souf nou ta pataje
Chak lè koulè zye w pran marye ak lèv ou,
Yon flè dizè boujonnen
Souri w mennen bonnanj mwen nan yon flann.
Chak fwa solèy batize kò w
Nanm mwen fè tou paradi,
Bèl, pwès,
Blak Pantè,
Plen kon lalin,
Mwen rele w Melanin
Kilè w va banm moso dous, grenn siwèl…
Sant ou ta tache anba po m,
Gou w ta rete nan chak sans mwen,
Ou tap pi bèl souvni m
M a limen yon fanal pou ou,
Melanin.
Nathanaël Delva

Comments