Eksplozyon demografik, sèvo k ap kite lakay; ki solisyon?
- Nathanaël DELVA
- 2 août 2020
- 8 min de lecture

Nou ap viv nan yon peyi ki depi kèk tan pran direksyon yon eksplozyon demografik. Pwojeksyon sa sitou konsène kèk vil nan depatman Lwès, tankou Pòtoprens, Delma, Petyonvil. Nou ap konstate depi kèk lane yon twò gwo konsatrasyon nan zòn sa yo, ki konstitiye metwopòl la, yon espas jeografik ki manke anpil pou n ta konsidere l kòm yon milye ki atiran. Men pou anpil moun, eksplozyon sa vini akoz migrasyon moun pòv, ki nan move lavi kote yo ye an, ki vin gonfle nan metwopòl la. Men atansyon yo souvan plis rete sou migrasyon klas moun k ap kite peyi an sèlman. Men, lè n gade fenomèn migrasyon an pi pre nou ka konprann li konsène tout moun ki kite yon zòn, yon peyi pou l ale enstale l nan yon lòt. Paske li ap kouri pou yon bagay, oubyen l pral chèche yon lòt bagay ke li pa t jwenn kote li te ye a. Yon lòt kote, fenomèn migrasyon an genyen kòm konsekans sa yo rele « fwit sèvo » a. Men nou pa dwe gade l yon sèl bò, sa vle di jèn osinon moun ak konpetans ki ale a letranje yo ase. Fòk nou ta panche sou kantite sèvo ki kite kwen rekile nan peyi a pou yo vin enstale yo nan metwopòl la e ki tou siyen estagnasyon yo la. Gen yon bann mit ki lye ak sa, men nou p ap chita sou yo kounya.
Sa ki fè n vle reflechi sou sa, se paske chak jou pi plis n ap konstate anpil bagay ki manke nan baz sosyete nou an, nan tout sa k enpòtan, sitou nan nivo andeyò yo. Nou mal jere anpil nan sa k dwe priyorite n pou devlopman peyi a. Tankou nan klas ki piti lekòl yo, anpil fwa se moun ki pi pa twò fòme pou sa a ki responsab yo, moun sa yo se dyòb y ap fè pou yo sove lavi. Agrikilti, malerezman, lage nan men moun ki manke mwayen teknik pou sa, men ki fè kont efò malgre sa, pou nouri yon bon pati nan popilasyon an. Se konsa tou, n ap konstate direksyon anpil komin toujou lage nan men moun ki mwens kapab la, pandan plen moun ki te leve nan komin sa yo vin ki vin gonfle nan kapital la; e plen egzanp toujou.
Reyalite nou sitou vle fè sòti sou migrayson an konsène sitou sila ki gen chans rive trè lwen lekòl yo, anpil fwa, li te yon reflèks pou yo pou yo bay pwòp rasin yo do. Se yon ti kal moun ki rive konpile yon ti konpetans ki rete nan zòn yo te leve a. Chanjman zòn gwoup sila pa toujou gen pou eksplikasyon rechèch yon opòtinite reyèl; men se pito yon demach pou yo elwanye yo de zòn yo grandi a, yo estime ki ka kwape pwogresyon yo, paske yo deja twò fòme pou yo rete la.
Gen yon lide yo souvan repete bò isit ki ta lese konprann gen anpil zòn kote ayisyen pa vle wè pwochen yo pwogrese. Lide sa konekte souvan ak anpil difikilte ki gen rapò ak sou devlopman peyi an. Men nan pwen zòn ki pa gen kontrent sa yo, sou yon fòm osinon yon lòt. Men non plis, nanpwen zòn ki rete li devlope tèt li sanzatann. Tout kote te kòmanse nan pwen sa e se moun ki devlope yo. Kòman n ka vle efase difikilte yo pandan tout moun ap kouri ale. Sa mande pou n reflechi pi lwen sou paradòks sa pou n konprann fenomèn migrasyon sèvo yo andedan peyi an menm.
Gen anpil jèn ki pati al fè metriz aletranje, men lè yo tounen yo jwenn peyi a pi difisil. Se menm eksperyans lan lè yon moun kite yon andeyò, li al viv nan yon vil, epi l jou l fè yon retounen, li pa wè okenn pwogrè. Men kiyès ki te pou enstale pwogrè sa la kite pou li ? Poukisa ak tout konpetans sa yo reflèks moun fòme yo se souvan kouri ale? Nou pa di ale a pa jistifye, men si jodian se li tout mou nap fè, se pa yon bagay pou n aksepte tankou l nòmal. Si jodian gen prèske 200 mil ayisyen ki kite peyi an ale Chili, previzyon yo fè konnen an 2030 Pòtoprens ap gen 5 milyon moun. Kidonk migrasyon an vin yon reflèks ki kòmanse depi andedan lakay nou. Sanble depi andedan peyi an sèvo yo te deja parèt dekonekte ak reyalite y ap viv la. Gen kesyon ki dwe poze sou fenomèn sa. Èske se plis laperèz ki kondisyone li? Èske se paske sitiyasyon an vin twò kritik?
Ki wòl modèl edikasyon nou an nan sa?
Edikasyon se yon koze ki mache men nan men ak kilti. Kidonk, edikasyon yon peyi ta dwe reflete e menm kalke sou kilti l. Edikasyon yon sitwayen ta dwe kondui l pou l ka reflechi sou milye kote l sòti oubyen ap viv lan, konprann li, chanje l si sa nesesè epi evolye ak li. Men pouki nou konstate depi kèk lane, plis moun ki te gen chans rive lwen lekòl ki panse evolisyon yo depann de yon grenn faktè: kite peyi an.
Li pa yon sekrè, edikasyon isit ap fèt nan plizyè nivo, chak lekòl ap aplike yon fòmil diferan. Alòs pa gen yon plan, yon politik vre sou modèl sitwayen nou vle. Sa ki fè n ap mande si gen yon lekòl isit vre ki ap fòme sèvo pou yo al reflechi sou reyalite peyi a, pou rive konprann epi mete ansanm ak kilti peyi a. Eske nou tout pa fòme finalman pou n vire do bay lakay? Osinon èske modèl edikasyon nou resevwa a pa rann nou etranj fas ak milye an malgre tout konesans nou rive ranmase?
Gen anpil tantativ repons a kesyon sa yo, anpil pretèks tou. Men li klè, gen yon gwo laperèz lakay sèvo nou yo, lakay elit entèlektyèl lan, oubyen moun ki ta dwe ransanble pou bay elit sa. Elit sa pè oze kite ti zòn konfò l lan pou vrèman remete an kesyon soudevlopman Ayiti an sou tout ang. Sa ki eksplike pouki malgre tout konpetans yo, yo pa dispoze konstwi pwòp konesans ki lye ak sa nou ye kòm pèp, ak kilti nou pou n avanse. Tankou Fanon te toujou renmen di l, yo vin tounen etranje sou pwòp tè yo, sitou lè yo te al etidye deyò. Paske san yon baz konesans ki ratache yo ak lakay, lè yo al etidye se tankou yo pati al pran yon dènye dòz nan ediksayon boukante sa, yon nivo sofistike nan modèl sivilizasyon letranje ap ofri n nan, pandan nou pa janm ka itil lakay vre. Kifè n ap poze kesyon sa yo: Poukisa nou ap kouri vre? Lè n kite andeyò yo, lè n rive menm bliye yo. E globalman, kisa sèvo n yo ap kouri kite vre lè yo kite peyi an? Èske yo kouri pou pwoblèm yo paske yo pa ka rezoud yo, paske Leta pa envite yo fè pati solisyon yo osinon paske yo reyalize yo fini pa vin fè pati de pwoblèm yo?
Pou n retounen sou kesyon konsantrasyon nan metwopòl lan, nou dwe dakò jodian monte nan metwopòl lan sanble sèl chimen pou yon jèn swete yo mèye vi. Se sa nou tout fin kwè. Men ki pi bon vi jodian Pòtoprens pa egzanp ka ofri. Yon mas moun ki vin anpile, konsantre nan yon ti pla men, san yon plan, san ankadreman. Men li rete yon reyalite, plis mou nap vin anpile la, plis se la ki ap santral tout resous. E sa se yon pwoblèm ki dwe rezoud e ki ka rezoud ak desantralizasyon men resous sa yo. Paske desantralize resous yo, se desantralize opòtinite yo. Paske tout sèvo, tout moun ki gen konpetans ap chache opètinite. Se yon solisyon Leta dwe pote, men li pa ka pote l poukòt li. Lòt aktè ta dwe aji. Men nou pa dwe wè desantralizasyon sa tankou yon mwayen pou n fè tout moun retounen osinon rete pase mizè andeyò. Kote yo ap rete anba echèl sosyal la, fè manje voye van lavil pandan yo menm yo pa ka pwogrese nan kalite vi yo. Desantralizasyon sa pa dwe pran sans kenbe moun ki fòme nan ilizyon y ap travay pou devlopman tout yon peyi pandan yo rete kote yo grandi an, ap viv ak plis desepsyon. Desantralizasyon an dwe dabò defini wòl konpetans yo dwe jwe nan devlopman zòn yo.
Yon refleksyon sou solisyon ki posib
An jeneral nan anpil peyi se kote envestisman yo plis fèt, kote k gen plis antrepriz, ki gen plis moun ki al rete la. Nou ka remake nan ka pa nou se kote leta ofri plis djòb lan kòm pi gwo anplwayè a, se la ki gen konsantrasyon demografik. Donk se Leta ki premye responsab konsantrasyon an. Tout pi gwo biwo ak pi bwo santral sèvis Leta yo nan metwopòl la : santral EDH, tout ministè yo, AGD, DGI. Donk nan lide pou dekonsantre tout kalite resous yo, se Leta ki pou inisye chanjman sa. Leta ta dwe tounen yon antite dekonsantre a travè sal jije ki fòs li, kapasite l pou l anplwaye moun. Estrateji an se ta premyeman pou l aji sou kantite anplwaye l genyen pa sektè nan chak zòn. Epi gade ki ratachman chak anplwaye ak zòn sa. Si l pa fèt nan zòn nan gade si l gen yon fanmi, yon enterè nan zòn nan. Konsa n tap vin wè Leta sa ap ankouraje chak moun rete evolye zòn yo epi fonksyone nan zòn yo. Men tou chanjman modèl sa te deja nesesè, paske jiskisi, modèl distribisyon fonksyonè Leta a pa sanble bay rezilta. Modèl sa, Leta t ap bezwen aplike l nan sistèm edikasyon an. Fè lise yo fonksyone ak kad ki sòti nan zòn yo.
Leta t ap bezwen tou remanye edikasyon an, ba li yon sèl fòm nan tout peyi an. Retounen ak sivis lan pandan l ap fè edikasyon an chita sou reyalite zòn yo, listwa l ak kilti l. E nan yon nivo siperyè, nou t ap bezwen pou chak zòn gen yon Inivèsite Rejyonal, pou fòme kad pou rejenere konpetans nan bwat Leta nan zòn yo.
Dezyèmman, Leta te ka anvizaje bay chak depatman priyorite pou l abrite yon sektè/ministè selon potansyalite l. Sa vle di, olye tout ministè gonfle nan kapital la, leta t ap mete nan yon zòn yon ministè ki lye ak potansyalite zòn nan. Tankou li te ka idantifye zòn ki plis ka bay lagrikilti bourad yo, epi jere mobilize konpetans pou jere sektè sa a pati zòn sa. Sa t ap ede yon “management” pi efikas e ki koute mwens. Sa t ap fè konpetans ak resous zòn s aka dabò sèvi zòn sa. Kalite vi nan zòn sa yo t ap amelyore e Leta t ap ka ofri plis sèvis la. Ki t ap anpeche sèvo zòn sa ba li do. Men tou dirijan bwat sa yo t ap pi pre reyalite sa yo ap aji sou li a. O final t ap gen plis pòl devlopman, opòtinite yo t ap mwen konsantre yon sèl kote.
Malsite nan metwopòl la difisil pou eradike, pandan tout sèvo peyi an vin konsantre la. Nan abandone andeyò yo, nou pa chanje reyalite yo, ni reyalite pa nou, nou jis resitiye n pa rapò ak pwoblèm yo. Solisyon an pa nan kontinye vann fo rèv Pòtoprens lan, men nan chanje reyalite tout andeyò dabò. Pou yon bon repatisyon sèvo yo, mwens konsantrasyon nan chak gwo vil yo. Leta konsa t ap pi efikas, t ap pi pre sitwayen yo. Men tou, tout kote t ap ka atire envestisman prive, paske pa t ap gen absans konpetans nou ap konstate jodian nan andeyò yo. Sa t ap ede gen mwens enjistis sosyal e bay yon pi bon separasyin richès nan peyi an.
Sous
Port-au-Prince aura 5 millions d'habitants en 2030, Edrid St Juste, Le Nouvelliste.
Charly Camilien Victor: Ms. Ekonomi Sosyal Solidè &
Nathanaël Delva: Planifikatè
留言