top of page

LòvNòt (Bay Tèt Ou Lòv)

Kè ou ta dwe yon rezèv trezò e premye moun ki dwe ka jwi l se ou menm ankò. Biyè sa kòmanse tankou yon prèch (😁). Men onètman, s on prèch ki enspire l, oratè a t ap konstate jan pafwa moun pwomèt pataje lanmou ak yon lòt san yo pa gen ase pou bay tèt yo dabò.


Renmen se youn pami bèl avanti nan lavi an, m anvi wè chak relasyon tankou yon pasaj, yon epizòd nan yon seri. Pèsonaj yo vini, yo ale, men pèsonaj ki toujou rete an se ou menm, sòti premye pou rive dènye epizòd la. Kidonk relasyon ou ap gen pou w pase plis tan ladan l lan se ak pwòp tèt ou. Se yon relasyon ki detèminan, ki fondamantal, ki menm defini ki kalte relasyon w ka bati ak lòt moun. Men, renmen tèt ou pa yon bagay ki otomatik, menm jan yon moun ka rayi yon lòt, konsa tou w ka rayi pwòp tèt ou; pafwa menm ak plis mechanste. E sa ka pi grav ankò lè w rive ap rayi tèt ou paske w manke bay tèt ou lanmou san reyalize sa. Renmen tèt ou mande yon aprantisaj, e se yon bèl aprantisaj. Men elas, edikasyon ak pwosesis sosyalizasyon yo bati moun e define espas yo ak anviwonnman yo pou retire enpòtans sou sa. Bay tèt nou ase lanmou se yon egzèsis twò souvan nou neglije e bliye pratike, se tankou n pa kondisyone pou sa menm.


Malerezman nou vin jwenn nan sosyete yo, pandan lontan, te gen yon move mannyè yo gade, yon move fokis sou fason yo konprann lè yon moun renmen tèt li. Yo di l egoyis oubyen nasisik. Alòs, yo vin plis mete gwo pwojektè yo sou lanmou w ka gen pou lòt moun, sou lanmou w ka bay yon moun e tout atifis w ka itilize pou fè l santi sa. Yo pa rate okazyon pou envite w fete lanmou w gen pou moun (Sen Valanten: 14 fevriye, maryaj, fiyansay, elatriye). Men yo manke vrèman envite w renmen tèt ou nan tout senplisite sa mande. Poutan, sikolòji modèn di lanmou pou pwòp tèt ou endispansab, li mete l menm kòm yon kondisyon pou w goute nan plezi lavi an, jwenn cham nan egzistans ou e jwenn yon sans pou pasaj ou isi ba. Men tou renmen tèt ou pa dwe yon boulva louvri sou megalomani. Pou site Robert Ornstein ak David Sobel:

Notre vision de nous-même n’est qu’une construction de notre esprit. Il nous appartient donc de la rendre aussi plaisante que possible, tout en évitant, naturellement, de sombrer dans la mégalomanie.

Kidonk, renmen tèt ou (selflove) dwe yon egzèsis apresyasyon vèti w ak kalite w kòm moun, yon nivo konsyans ak konesans de kijan mantal ou fonksyone, adisyone ak yon bon dòz aptitid pou w adapte w ak bezwen e valè lòt yo. Pwosesis sa m anvi batize l:


Bay Tèt Ou Lòv


Men kèk konsèy pratik sou egzèsis Bay Tèt Ou Lòv la :

  1. Se pou w byenveyan ak tèt ou, rekonèt valè w, kritike tèt ou mwens

  2. Pran swen tèt ou ak dousè. Pale de tèt ou ak respè, aprann felisite w.

  3. Aprann menaje w, konn lè w fatige e bezwen repo. Pran swen sante fizik ou, sante mantal ou tou

  4. Aprann konnen tèt ou plis, kisa ki enterese w nan lavi, kisa ki pa enterese w non plis

  5. Aprann konn limit ou, sa ki w ba w laperèz, sa ki ka frennen w

  6. Aprann renmen kò w

Labib menm, pou sila ki kretyen, di Jezi, nan rezime tout kòdman yo deklare youn nan prensip yo se :

Renmen pwochen w menm jan w ou renmen pwòp tèt ou.

Se yon moso sajès enfini. Paske nan pwen lè sa bèl lè w ka pataje lanmou ak moun e pa janm manke pou tèt ou an rezèv.

Nathanaël DELVA





Commentaires


Abonnez-vous à deboukante!

+1(857)492-5221

  • twitter
  • facebook
  • instagram

©2023 by Delva Nathanaël

bottom of page