top of page

Memwa Yon Kè Brize

Dernière mise à jour : 27 août 2023

Pa bò isit nou respire, nou soufri men sitou nou renmen. Nou leve n jwenn renmen kòm sèl privasyon lavi pa enpoze n, sèl richès nou ka kiltive, sèl valè k idantifye n. Nou vle kè n bat nan pwatrin yon lòt e se sèl senplisite egzistans nou. Men lanmou souvan vire kè n lanvè… Krèvkè, lapenn souvan sou mizè…


Memwa Yon Kè Brize se yon seri istwa. deboukante ap pote youn oubyen 2 chak mwa.


Lide an se rakonte chagren ak doulè lanmou ka trennen san baboukèt, paske soufrans se yon vigil nan pakou lavi nou tout konnen, sa ka rive se lanmò, sa ka rive se yon absans, sa rive se lanmou ki brize kè n… Mwen aprann resanti soufrans pa yon feblès, e l pa oblije redefini moun ou ye a, ni fason w ka wè lavi. Pale de sa k fè n soufri non plis pa yon siy feblès, li pa oblije yon voye wòch kache men… Soufrans yo menm jan ak lajwa n se de bagay nou dwe asime pou sa yo ye.


Listwa ki ap nan Memwa Yon Kè Brize yo vle dekoud kèk move reflèks nan jan n ka konprann tout sa. Men mwen pa vle ranfòse mit ki gen sou pale de sa, non plis alimante deba ki ta vle fè kwè ant gason ak fi gen yon sèks ki pi bon, plis sansib pase lòt nan renmen… Istwa yo ap senp, yo pap fòseman verite, yo ap sanble sa mwen ak ou viv, sa mwen ak ou souvan pa vle osinon pa jwenn okazyon pou n pale…

Nathanaël Delva

Comentarios


Abonnez-vous à deboukante!

+1(857)492-5221

  • twitter
  • facebook
  • instagram

©2023 by Delva Nathanaël

bottom of page