top of page

Yon ti koze sou "NUDES"

Dernière mise à jour : 27 août 2023

Deboukante ak Pheedia

« Ce matin au réveil j’ai reçu des nudes ». Se youn nan pawòl ki pi make m sou Route 66. Se ti pati ki souvan tounen nan lespri m a chak fwa m pran fredone mizik sa. Kouche sou do, telefòn li nan men l, pa bezwen anpil pou konprann sou kisa dwèt Joe te ye nan moman sa, tèlman nou tande mo sa anpil dènye tan sa yo. Pa pase yon jou san yon ti pale sou fenomèn sa nan twitosfè ayisyen. Men malgre tout sa, « nudes », e si n ale pi lwen « nidite » rete youn pami plizyè sijè tabou pa bò isit. Men tou, sa vin fè li konstitiye yon konsèp anpil moun prese pase sou li, san pran tan konprann kisa sa ye.

Mwen leve nan yon fanmi kretyen, lè m ap grandi nidite m pa t nan lis bagay yo te aprann mwen aksepte, viv e pwofite. Pi bonè m te gen ase lespri pou m konprann lè mwen toutouni, pi bonè paran m te aprann mwen pou m kache kò m, sitou pati entim mwen yo. E fòk mwen presize se yon prensip ki te ankò pi fò pou sè m yo. Modèl sosyalizasyon an Ayiti on ti kras menm jan ak pa tout mond oksidantal la. Sa vle di li kalke anpil sou preskri biblik yo, moral yo defini pa legliz, e legliz rive nan yon nivo kote l omniprezan kiltirèlman. Ki fè kòd sou nidite an Ayiti bati apati Jenèz 2 vèsè 25, 3 vèsè 10 ak 11. Li entèdi pou wè e montre pati jenital. E sa raple m youn nan pi gwo sezisman nan vi m. Yon dam ki gen pase 80 lane, ki kretyen, marye depi pase 50 an e ki deklare li pa janm wè pati jenital mari l, pou jis mari an mouri.

Nou te ka rete la toujou, pou n trete de kijan nou menm pale de pati jenital yo an Ayiti : koulouk, pijon, ti pati l, chouchoun, se ti non gate sa yo pami anpil lòt yo aprann nou bay yo depi lè n ap grandi. Si non yo gen yon koulè afektif, men tou yo denote yon pidè vwale, yon fason pou n pale de pati nan kò nou, san site yo, san fè referans ak yo. Men an n tounen sou Route 66 lan, nan ti pati m renmen an, ki fini ak mo « nudes » lan.

Premye bagay ki fasine m nan mo an, li souvan o pliryèl «les Nudes». Jodi a, pa sèlman sou Twitter, mo sa trè prezan nan tout kalite konvèzasyon sou tout platfòm yo. Men tou, « nudes » lan se menm yon pratik. Si a kote l, genyen “nudisme” lan ki se pratik ki mennen w a viv yon vi ak baryè gran louvri sou nidite w; ak deplasman koub nivo pidè a, li vin nòmal e eze pou fi kou gason afime yo pa rapò ak kò yo. Ki fè w vin jwenn apati 21è syèk la, pratik “nudes” la vin pran nesans. Kote si moun nan se yon « nudiste » ou pa, li ka alèz pou l pataje foto l toutouni ou prèske. Men kibò mo sa sòti? Kisa l vle di?

“Nudes” se yon mo ki soti nan anglè, li la lontan e l te konn sèvi pou deziye yon nidite atistik. Alòs, mo sa nan lantikite te konn itilize pou pale de zèv atistik tankou penti klasik ak eskilpti. Si lang kreyòl pako ofisyèlman apropriye l mo sa, lang fransè kòmanse fè konesans ak li sou rezo sosyal nan lane 2010. Moun yo te tanmen di l sou 2 fòm long “nudes pic” osinon “nudes photo”. Sa ki ta lese konprann klèman ke “nudes” lan vini sitou sou fòma imaj/foto. Men alèkile, sa evolye, paske gen ti video « nudes » sa nou ka rele tou “nudes” GIF.

“Nudes” se kisa reyèlman. Se yon foto de tèt ou, ou pran ak yon aparèy entèlijan ou pa, pandan ou toutouni, osinon prèske toutouni. Kidonk se sa nou rele yon “selfie” toutouni. Yo diferansye nenpòt 9 kalite nudes. Pami yo nou jwenn “covered nude”, “semi-nude”, “artistic nude”, “casual nude”, elatriye. Men 2 kalite ki pi pratike yo se “semi-nude” ak “casual nude”. Nan pifò ka, moun fè sa pou voye bay yon lòt moun. Paske li vin yon pratik jodi a pou moun mande yon lòt « nudes ». Men konsa tou, si jan de demand sila pa fèt nan kondisyon li dwe fèt, mwen vle di, kote relasyon ak moun nan pa defini e moun nan pa pèmèt ou sa, li ka vin yon fòm asèlman.


Kèk ti estatistik

Selon yon estimasyon dosomething.org fè, 22% ti jèn fi ak telefòn entèlijan nan pratik voye « nudes » lan, pou 18% jèn ti gason. Si gen moun ki poste yo, sou rezo sosyal tankou Instagram ak Twitter, gen kèk lòt platfòm ki dedye a pratik sa menm tankou Onlyfans, kote yon itilizatè ap gen pou peye pou aksede a « nudes ». Pandan peryòd kowonaviris lan, pataj kontni sou onlyfans ap konnen yon eksplozyon. Platfòm nan anrejistre yon ogmantasyon de 75% nan abònman yo ak yon lo 175 mil nouvo itilizatè chak jou. Yo di ba kote Beyoncé site platfòm nan nan remix Savage (Mizik Megan The Stallion) ak lòt referansman pou bokou nan eksplozyon sa. Men pa bò isit, san nou pa antre nan yon deba sou koze nidite an menm, ki se yon fenomèn sosyal e kiltirèl, kijan moun wè fenomèn sa, kijan nou viv pratik sa a menm?

Sa pa gen twò lontan m te egzèse m a pratik sa, plizyè fwa menm. Mwen pa di m te jennen oswa wont men sa te pote m a reflechi anpil. Yon bò m t ap mande m kijan moun mwen te voye l ba li a te apresye l reyèlman (wi se yon moun ki te mande m). Yon lòt bò mwen te medite sou konpreyansyon sosyete nou an de pratik sa a. Sa ki te sitou entrige m pou m konprann, se kijan yon moun ki ap pwodui e pataje nude regilyèman an Ayiti viv sa, e kijan sosyete an ka wè l.

Pou sa mwen te gen chans ka kontakte yon moun, yon jèn fi ki egzèse l nan sa, vin kase moso ak nou sou sijè sa a.


Yon ti koze ak Fedia (Pheedia)

1. Kijan w ka prezante tèt ou nan 2 fraz?

Rep : Mwen rele Fedia Pierre Louis. Mwen se yon moun rezève, atansyone e timid. Men tou mwen viv selon anpil valè. Valè sa yo defini karaktè m, yo se bousòl mwen.

2. Pifò moun ki konnen w, konnen poste foto kò w se yon bagay ou fè souvan sou rezo sosyal yo, Instagram sitou. Men kijan w rele osinon defini aktivite sa a?

Rep : Fè foto toutouni genyen gwo enpak sou lavi m, e sa gen anpil enpòtans pou mwen tou. Chak fwa m fè l m santi m gen plis valè antanke fanm, m santi mwen rekonekte ak lavi. Fè foto toutouni ede m bliye anpil bagay ki pase m. Li ede m jwenn diyite mwen ak “self-esteem” mwen ki t ap drive atè, m reprann konfyans nan mwen. Li ede m sikatrize chak kou, chak mak lavi kite sou po m, sa fè m renmen kò m ak po m. Sa ede m e aprann mwen konnen kò m seksyèlman. Lè mwen fè “nudes” mwen nan eleman m, li tounen mond mwen. Li ede m afwonte reyalite m ak lavi. Chak fwa mwen toutouni se tankou m te chita devan yon sikològ se sa k fè m toujou ap di li se Terapi m.

3. Depi kilè w ap fè sa ? Kibò e kijan sa kòmanse?

Rep: Kòmanse fè foto toutouni se te apre move epizòd kite pase m nan peyi Mexique kote mwen te ap etidye nan ane 2009, epi m te sibi agresyon seksèl. Aprè sa m te vin pa sipòte tèt mwen, m pa t ka wè pwòp tèt mwen toutouni. Epi yon sikològ te di m pou m eseye fè foto mwen toutouni epi pou m fòse tèt mwen gade, epi m ap wè jan m bèl. M te kòmanse fè foto mwen toutouni pou kont mwen. Men premye gwo eksperyans an piblik, se te nan yon lekòl fotograf ki baze Guadalajara. Se te yon zanmi m kite refere m li. Nan 5 premye minit yo m swe, akoz timidite a, m te jennen. M te poze devan anviwon 20-25 fotograf nan yon gran sal. Men apre 5 minit sa m te vin alèz. Se te yon bèl eksperyans m te aprann anpil koze sou foto toutouni.

4. Eksplike nou kijan viv pwosesis kreyasyon “nudes” ou yo?

Rep: Pwosesis fè nude senp pou mwen. Se pou mwen yon fason m eksprime m, se fason mwen anbrase lavi m antanke fanm.

5. Ki platfòm ou itilize pou pataje kreyasyon w yo?

Rep : Platfòm mwen te kòmanse itilize se Instagram, Twitter aprè sa Patreon. Men pou kounye a mwen pral chanje bagay yo, m pral kreye yon platfòm k ap gen anpil divèsite ladan.

6. Ki remak moun souvan fè w sou pratik sa ?

Rep : Mwen jwenn anpil remak negatif, pozitif, mwen jwenn ankourajman e konsèy tou. Men remak ke mwen jwenn plis se : "mwen renmen ekspresyon kòporèl ou"

7. Avan sa te kòmanse ki rapò w te gen ak kò w toutouni ? Jodi a kijan rapò sa evolye?

Rep : Pou m byen di w m te renmen gade kò m nan glas men m pat gen yon koneksyon ak li konsa men kounye a m m tèlman renmen kò m, sa ede m esperimante tèt mwen seksyèlman tou.

8. Kijan w panse moun wè w Jodi a pa rapò ak aktivite sa? Moun ki konnen m: zanmi, fanmi, menaj ou genyen, osinon konn genyen? Moun ki pa konnen m: moun sou rezo sosyal, piblik la si w vle?

Rep: Moun ki konnen m ban m ankadreman ak anpil sipò. Gen moun ki pa konnen m tou ki ban m sipò. Men moun ki pa konnen m, sitou sou rezo yo, konn joure m, di m gwo betiz, yo souvan di m poukisa m pa fè aktris pònò. Mwen resevwa gwo menas tou. Mwen sibi anpil, men sa p ap fè m febli pou m bay vag.

9. Ki satisfaksyon w jwenn nan pratik sa jiskaprezan ?

Rep : Mwen satisfè de tèt mwen, m renmen sa anpil e mwen fyè. Mwen satisfè tout « shoot » e sitou jan mwen devlope bèl koneksyon sa ak kò m . E m vrèman eksite pou pwochen etap la.

Sous :

1. 11 facts about sexting.

3. La nudité entre culture, religion et société. Quelques remarques à propos des Temps modernes par Régis Bertrand

Nathanaël Delva: Planifikatè

Comments


Abonnez-vous à deboukante!

+1(857)492-5221

  • twitter
  • facebook
  • instagram

©2023 by Delva Nathanaël

bottom of page